SÈVIS
Eske ou bezwen tradiksyon nan plizyè lang ?
Remèt mwen pwojè w la. M ap etidye l epi pwopoze w yon
solisyon pou tradiksyon. (Si pwojè a depase domèn konpetans mwen yo, m ap chache
epi pwopoze w yon tradiktè ki ka fè travay la, san ou pa peye lajan anplis).
Mwen tradwi epi verifye chak dokiman soti nan Anglè al nan Fransè oswa Fransè al
nan Anglè, Kreyòl Ayisyen al nan Anglè oswa Fransè.
Si dokiman w yo sansib, mwen konseye w kontakte yon lòt tradiktè pou revize
tradisyon yo. Dayè, ou ta sipoze fè sa, menm si w ap itilize yon ajans tradiksyon, paske se sèl fason pou
asire w gen yon dezyèm pati, oswa lòt tradiktè ki revize dokiman ou yo.
Objektif mwen se ba ou yon fason pou jwen n on travay
tradisyon kalite pou yon pri ki pap koupe pòch ou. Pèsonèlman, mwen pran plezi
nan fè sèvo m travay sou siyifikasyon yon mo pou m ka jwenn pi bon tradiksyon
posib pou mo sa a.
Pa ezite kontakte m, si ou ta gen plis kesyon sou sijè sa a,
oswa ouvè paj Devi/kòmann lan (Quote/Order).
-
Ti Liv
-
Bwochi
-
Kat Biznis
-
Katalòg
-
Desen/Atizana grafik
-
Pòch/kouvèti CD
-
Tradiksyon Sit Wèb
-
Koreksyon
-
Transkripsyon Vwa
|