image
image
image
image

 

 

 

image

image
Fè Konesans

 


Dependability

Optimization 

Business 

Accuracy

Reliability 

Availability 

Diligence 

image

image
Kliyan Mwen





Disponibilité 

Optimalisation

Business

Exactitude

Fiabilité

Disponibilité

Adaptabilité

 

image

image
Sèvis 


Ekspètiz

Optimalizasyón

Negosyasyon

Egzaktitid

Konfidansyalite

Disponiblite

Dilijans

KONTAK
image

  Translate ....       Traduit  .......         Tradui....               Traducción 
      

English                         French                    Haitian Kreyòl

 



ÈSKE OU BEZWEN YON TRADIKSYON PWOFESYONÈL?


Mwen swete ou byenveni sou sit www.accurate-translation.com. Èske ou bezwen yon bon jan tradiksyon soti nan Kreyòl Ayisyen al nan Anglè ak Fransè? Ou gen yon dokiman an Kreyòl ki bezwen tradiksyon? W ap jwen n li sou sit sa a. Mwen respekte lang peyi mwen e mwen fè yon travay pwofesyonèl nan lang pa w la. Lang nou se youn nan pi gwo richès nou, konsa tou li ka yon gwo feblès. Konsa, lang lan se reflè kilti nou, li montre vrè nati nou kòm Ayisyen; an menm tan li ka frennen nou epi anpeche nou jwi gwo rezèvwa konesans inivèsèl lang Fransè ak Anglè. Pèp Ayisyen, kit ou an Ayiti oswa a letranje, si ou bezwen sèvis nan twa (3) lang sa yo; nan moman diferan, plizyè kote, oswa pou rezon diferan. Se sa reyalite jodi a ye – epi, siman se sa ki pra l reyalite demen an tou. Ki konsekans sitiyasyon sa a? Ki enfliyans sa ap genyen sou avni Ayisyen an Ayiti ak sa ki nan peyi etranje a travè “Entènèt " la?
 
 Ak sèvis mwen w ap jwen n non sèlman yon tradiksyon klè, men m ap ba ou avantaj kilti nou. Mwen gen gwo espesyalizasyon ak konesans inivèsèl nan lang sa yo: Fransè ak Anglè. Mwen ka ba ou ekspètiz ekstraòdinè ou bezwen pou ka fè travay ou san baryè nan kominikasyon avek rès mond lan. San sa, ka gen gwo pwoblèm ki rive si siyifikasyon mo an pèdi nan tradiksyon. Repoze lespri w, ou pa bezwen chèche ankò, ak sèvis mwen ou jwenn!

 

MesmerizeENTÈPRETASYON : Entèpretasyon en Anglès ak Fransè

Mesmerize PRESIZYON: Bon jan tradiksyon ki fasil pou konprann. 

Mesmerize
PWOFESYONALIZASYON: Koreksyon ak fòmasyon gratis. 

Mesmerize
VITĒS: Tradiksyon  gwo dokiman san siyifikasyon li pa pèdi. 

Mesmerize
FRÈ REZONAB: Bon pri san n pa pèdi kalite travay la.

Konbinezon tout kalite sa yo enpòtan, espesyalman lè ou nan peyi ki fè echanj konesans inivèsèl nan tout lang. Mwen konnen gen plizyè kalite Kreyòl ki pale sou tè a, epi ou ka kontre ak move tradiksyon ki pa fè sans. Li ra pou jwen n pwofesyonèl kalifye; souvan ou pa resevwa sèvis pou lajan ou peye pou tradiksyon dokiman w la. Mwen ka transfòme tout travay ou bezwen ak siksè. M ap ofri yon tradiksyon ki pi bon pase sa ou ta ka espere, alòske dokiman w la ap rete ekzakteman tankou orijinal la. W ap resevwa yon travay klè, tradiksyon bwòdè ki onore kilti Ayiti a.
 

image
image
image
image
image